Nations Bible

2 Samuel 14

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò Joab, fis a Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom. 2Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou. 3Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete pawòl nan bouch li pou pale.

4Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”

5Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?”

Li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye, paske mari mwen mouri. 6Sèvant ou an gen de fis. Men yo de te goumen nan chan an e yo pa t gen pèsòn pou separe yo. Konsa, youn te frape lòt e te touye li. 7Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.”

8Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.”

9Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”

10Konsa, wa a te di: “Nenpòt moun ki pale avè w, mennen li bò kote m e li p ap touche ou ankò.”

11Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.”

Epi li te di: “Jan SENYÈ a viv la, nanpwen menm yon grenn cheve a fis ou a k ap tonbe atè.”

12Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.”

Li te di: “Pale”. 13Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a. 14Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.” 15Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann a sèvant li an.’ 16Paske wa a va tande e delivre sèvitè li a soti nan men a nonm ki ta detwi ni mwen, ni fis mwen an sou eritaj Bondye a. 17Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’”

18Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.”

Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.”

19Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?”

Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an, 20pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”

21Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.”

22Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann a sèvitè li a.”

23Konsa, Joab te leve ale Gueschur pou te mennen Absalom Jérusalem. 24Men wa a te di: “Pa kite li wè figi mwen.” Konsa, Absalom te vire kote pwòp lakay pa li, e li pa t wè figi a wa a. 25Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm. 26Lè l te konn taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a. 27Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl. 28Alò, Absalom te viv pandan dezan konplè Jérusalem e pa t wè figi a wa a. 29Apre, Absalom te voye dèyè Joab, pou l ta voye li kote wa a, men Joab te refize vin kote li. Konsa, li te voye ankò yon dezyèm fwa, men li pa t vini. 30Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an.

31Alò, Joab te leve rive kote Absalom lakay li a. Li te di li: “Poukisa sèvitè ou yo te lage dife nan chan mwen an?”

32Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”

33Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e wa a te bo Absalom.

Did you know?

Absalom’s Return to Jerusalem

  • Tekoa was a town in Judah located about 12 miles south of Jerusalem. Joab recruited a wise woman from there to present a fictional legal case to King David, using an apologue to persuade him to bring his exiled son Absalom back home.Sources: Tekoa · the Bible text itself
  • Absalom had sought refuge in Geshur, a Syrian territory ruled by his maternal grandfather, after killing Amnon. The biblical text notes his striking physical appearance and remarkably thick hair, which was sheared annually and weighed two hundred shekels by the royal standard.Sources: Absalom · Geshur · the Bible text itself
  • After returning to Jerusalem, Absalom lived for two full years without being permitted to see the king, until he ordered his servants to set fire to Joab’s barley field to force an audience.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Tekoa · Today: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · verses 2, 4, 9
  • Geshur · 32.767, 35.700 · verses 23, 32
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 23, 28

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.