2 Samuel 11
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem. 2Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li. 3Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”
4David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li. 5Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”
6Konsa, David te voye kote Joab. Li te di: “Voye ban mwen Urie, Itit la.” Konsa, Joab te voye Urie kote David. 7Lè Urie te vin kote li, David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a. 8Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa a, e yon kado soti nan men wa a te voye ba li. 9Men Urie te dòmi kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li. 10Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”
11Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”
12Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a. 13Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li. 14Alò, nan maten, David te ekri yon lèt a Joab pou te voye li nan men Urie. 15Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab tonbe mouri.”
16Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo. 17Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi Urie, Itit la te mouri tou. 18Alò, Joab te voye bay rapò a David selon tout evenman lagè a. 19Li te kòmande mesaje a, e te di: “Lè ou fin pale tout afè lagè yo a wa a, 20epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la? 21Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”
22Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo. 23Mesaje a te di a David: “Mesye yo te genyen sou nou e te sòti kont nou nan chan an; men nou te peze yo rèd jis rive nan antre pòtay la. 24Anplis, mesye banza yo te tire sou sèvitè ou yo soti nan miray la. Konsa, kèk nan sèvitè ou yo mouri, e sèvitè ou a, Urie, Etyen an mouri osi.”
25Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”
26Alò, lè madanm a Urie te tande ke Urie, mari li a, te mouri, li te kriye pou mari li. 27Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.

Did you know?
David, Bathsheba, and Uriah
- Uriah is identified as a Hittite and was counted among David's elite warriors, the "mighty men." When recalled to Jerusalem from the front line, he refused to enjoy the comfort of his home out of solidarity with his fellow soldiers and the Ark of the Covenant, which were dwelling in tents in the open field.Sources: the Bible text itself · Uriah
- The siege of Rabbah, the chief city of the Ammonites east of the Jordan River, provides the background for this chapter. While spring was the customary time for kings to march out to battle, David remained behind in Jerusalem and entrusted the military campaign to his commander Joab.Sources: the Bible text itself · Rabbah · Joab
- When instructing his messenger about casualties near the city walls, Joab cited the tactical precedent of Abimelech's death at Thebez, where a woman killed him by dropping a millstone from a tower wall. The biblical narrative refers to Abimelech's father Gideon by the name Jerubbesheth.Sources: the Bible text itself · Jerubbesheth · Thebez
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 12, 22
- Rabbah · Today: Amman · 31.955, 35.934 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org