Nations Bible

2 Kings 24

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li. 2SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo. 3Anverite, sou kòmand SENYÈ a, li te rive Juda, pou retire yo devan zye Li akoz peche a Manassé yo selon tout sa ke li te fè yo, 4anplis, ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa. 5Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 6Konsa, Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.

7Wa Égypte la pa t sòti nan peyi li ankò, paske wa Babylone nan te kaptire tout sa ki te pou wa Égypte la soti nan flèv Égypte la jis rive nan Rivyè Euphrate la.

8Jojakin te gen di-zuit ane lè li te devni wa e li te renye twa mwa Jérusalem. Non manman li se te Néhuschtha, fi a Elnathan an Jérusalem. 9Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon tout sa ke papa li te konn fè yo. 10Nan tan sa a, sèvitè a wa Babylone yo te monte Jérusalem e vil la te antre anba syèj. 11Epi Nebucadnetsar, wa Babylone nan te rive nan vil la pandan sèvitè li yo t ap fè syèj li. 12Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a. 13Li te pote fè sòti depi la, tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a. Li te koupe an mòso tout veso lò ke Salomon, wa Israël la, te fè nan tanp SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te di a. 14Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo. 15Konsa, li te mennen Jokajin sòti an egzil Babylone, anplis, manman a wa a avèk madanm li yo, ofisye li yo ak tout mesye ki te chèf dirijan peyi yo. Li te mennen yo ale an egzil soti Jérusalem jis rive Babylone. 16Tout mesye gwo kouraj ak pwisans yo, sèt-mil, mèt ouvriye yo, mil, tout te plen avèk fòs e pare pou fè lagè. Tout sila yo, wa Babylone nan te mennen an egzil Babylone. 17Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.

18Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a, e li te renye pandan onzan Jérusalem. Non manman li se te Hamuthal, fis a Jérémie an nan Libna. 19Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke Jojakim te konn fè yo. 20Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li.

Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Babylonian Dominance and the First Deportation

  • By the reign of Jehoiakim, Babylon had decisively broken Egyptian influence over the Levant, taking control of the entire region from the Euphrates River to the Brook of Egypt.Sources: the Bible text itself · Jehoiakim · Nebuchadnezzar
  • When eighteen-year-old Jehoiachin surrendered Jerusalem, Nebuchadnezzar carried off thousands of warriors, craftsmen, and nobles to Babylon, along with gold furnishings dating back to King Solomon.Sources: the Bible text itself · Jehoiachin · Solomon
  • Nebuchadnezzar appointed Jehoiachin's uncle Mattaniah as a vassal ruler over the remaining impoverished population, renaming him Zedekiah to signify imperial authority.Sources: the Bible text itself · Zedekiah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 7, 10, 11, 12, 15, 16, 17, 20
  • Ammon · 31.955, 35.934 · verse 2
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 2
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 2
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 2
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 4, 8, 10, 14, 15, 18, 20
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 7
  • Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 7

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.