2 Kings 22
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Josias te gen laj uitan lè l te vin wa a e li te renye tranteyen ane Jérusalem. Non manman li te Jedida, fi Adaja a nan Botskath. 2Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.
3Alò, nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di: 4“Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la. 5Kite yo livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a e kite yo bay li a ouvriye ki lakay SENYÈ a pou repare donmaj nan kay la; 6pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou fè reparasyon kay la. 7Sèlman, nou p ap fè kontabilite pou lajan ki livre nan men yo, paske yo aji an bòn fwa.”
8Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: “Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li. 9Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: “Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a.” 10Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.
11Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, li te chire rad li. 12Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a: 13“Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”
14Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li. 15Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Pale nonm ki te voye ou kote mwen an, 16Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va pote malè sou plas sa a ak sou sila ki rete ladann yo, menm tout pawòl a liv sa a ke wa Juda te di yo. 17Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.”’ 18Men pou wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo: 19Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a. 20Pou sa, byen gade, Mwen va ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap wè tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a.”
Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.

Did you know?
The Book of the Law Rediscovered
- During temple repairs in the eighteenth year of King Josiah's reign, the high priest Hilkiah discovered the Book of the Law in the house of the LORD. When the royal scribe Shaphan read the words of the scroll aloud to the king, Josiah tore his clothes in grief over Judah's past failure to observe its commands.Sources: the Bible text itself · Hilkiah · Shaphan · Josiah
- To inquire of the LORD concerning the newly found scroll, Josiah sent a royal delegation to Huldah the prophetess, who lived in the Second District of Jerusalem. Huldah delivered a prophecy foretelling disaster upon Judah for its idolatry, but promised Josiah peace during his lifetime because of his humble repentance.Sources: the Bible text itself · Second Quarter · Ahikam
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 14
- Second Quarter · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 14
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org