2 Kings 14
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa. 2Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem. 3Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo. 4Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. 5Alò, li te vin rive ke depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye wa a, papa li. 6Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
7Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a. 8Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”
9Joas, wa Israël la, te voye kote Amatsia, wa Juda a, e te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote sèd ki te Liban an, e li te di: ‘Bay fi ou an maryaj a fis mwen an.’ Men te pase pa la yon bèt sovaj ki te Liban, e li te kraze bwa pikan an anba pye l. 10Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”
11Men Amatsia te refize koute. Pou sa, wa Israël la te monte. Li menm avèk wa Juda a te parèt fasafas nan Beth-Schémesch ki pou Juda a. 12Juda te bat pa Israël e yo te sove ale, yo chak nan pwòp tant pa yo. 13Epi Joas, wa Israël la, te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Achazia a, nan Beth-Schémesch, li te rive Jérusalem e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Ephraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, distans a kat-san koude. 14Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie.
15Alò, tout lòt zèv ke Joas te fè yo, avèk pwisans li, ak jan li te goumen avèk Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël yo? 16Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Samarie avèk wa Israël yo. Jéroboam, fis li a, te devni wa nan plas li.
17Amatsia, fis a Joas la, Wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la. 18Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa A Juda yo? 19Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li Lakis pou te touye li la. 20Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.
21Tout pèp Juda a te pran Azaria, nan laj sèzan, e yo te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia. 22Li te bati Élath e li te remèt li bay Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
23Nan kenzyèm ane règn Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la te devni wa Samarie, e li te renye pandan karanteyen ane. 24Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo. 25Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li Jonas, fis a Amitthaï a nan Gath-Hépher. 26Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël. 27SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la. 28Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël Damas avèk Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo? 29Epi Jéroboam te dòmi avèk zansèt pa li yo, menm ak wa a Israël yo. Epi Zacharie, fis li a, te devni wa nan plas li.

Did you know?
Conflict Between Kingdoms and Territorial Restoration
- When Amaziah secured his throne and executed the conspirators who murdered his father Joash, he intentionally spared their children. The text notes that he acted in accordance with the Book of the Law of Moses, which commanded that fathers and children must not be put to death for one another's sins.Sources: the Bible text itself · Amaziah · Moses
- After defeating Edom, Amaziah challenged King Jehoash of Israel to battle. Jehoash answered with a parable of a lowly thistle in Lebanon that asked a mighty cedar for a marriage alliance before being trampled by a wild beast, warning Amaziah that pride over his victory would bring him down.Sources: the Bible text itself · Amaziah · Joash
- Despite continuing the worship of the golden calves, Jeroboam II ruled Israel for forty-one prosperous years and expanded its borders from Lebo-hamath to the Sea of the Arabah. The author notes this fulfilled a prophecy given through Jonah son of Amittai, as the Lord showed mercy on Israel's bitter affliction.Sources: the Bible text itself · Jeroboam
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 13, 19, 20
- Edom · 30.746, 35.604 · verses 7, 10
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 9
- Corner Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
- Ephraim Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
- Samaria · 32.276, 35.195 · verses 14, 16, 23, 29
- Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 19
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 20
- Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 25
- Damascus · 33.511, 36.306 · verse 28
- Hamath · Today: Hama · 35.136, 36.750 · verse 28
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org