Nations Bible

2 Corinthians 2

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò. 2Paske si m fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la. 3Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout. 4Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.

5Men si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout. 6Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a. 7Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. 8Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. 9Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay. 10Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la 11pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.

12Alò, lè m te vini Troas pou levanjil a Kris la, e lè yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a, 13mwen pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.

14Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo? 17Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan zye Bondye, nou pale nan Kris.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Tears, Forgiveness, and the Journey through Troas

  • Paul writes that he went to Troas to preach the gospel of Christ and that a door stood open for him in the Lord, yet he had no peace in his spirit because he did not find Titus there, so he said goodbye and went on to Macedonia. Troas was a city on the coast of Mysia, in the northwest of Asia Minor, named after ancient Troy, which lay about four miles to the north. In New Testament times Macedonia was a Roman province lying north of Greece.Sources: the Bible text itself · Troas · Macedonia
  • Titus, whom Paul calls his brother, is the companion he did not find at Troas. He appears to have been a Gentile and was chiefly engaged in ministering to Gentiles. Paul sent him from Ephesus, where he was with Paul and Timothy, to Corinth to forward the church's contribution for the poor in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Titus
  • Paul urges them to forgive and comfort the person who caused grief, so that he will not be overwhelmed by excessive sorrow, and so that Satan will not outwit them, since they are not unaware of his schemes. Satan means adversary or accuser. In the New Testament the name is used interchangeably with the devil, and it is so used more than thirty times.Sources: the Bible text itself · Satan

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Troas · Today: Alexandria Troas · 39.752, 26.159 · verse 12
  • Macedonia · 41.600, 22.540 · verse 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.