Nations Bible

2 Corinthians 12

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak revelasyon Senyè a. 2Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la. 3Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen (Bondye konnen), 4jan li te rale anwo nan Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmisyon pou l pale. 5Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen. 6Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen. 7Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

10Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. 11Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen. 12Sign a yon vre apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo. 13Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou mal sa a.

14Sa fè pou yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo. 15Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens? 16Men malgre jan sa kapab ye a mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz. 17Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa fè kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo? 18Mwen te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?

19Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa pou edifikasyon nou, byeneme yo. 20Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj. 21Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Revelations, a thorn, and Titus's visit

  • This chapter tells of a man in Christ who, fourteen years earlier, was caught up to the third heaven and to Paradise and heard things too sacred for words, which a person is not permitted to tell. Paul says he will boast about that man, not about himself, except in his weaknesses; he also says that, because of these surpassingly great revelations, he was given a thorn in the flesh, which he never names.Sources: the Bible text itself
  • Paul calls the thorn a messenger of Satan, given to torment him, and says he pleaded with the Lord three times that it be taken away. The name Satan means adversary or accuser; Easton's Bible Dictionary (1897) notes that in the New Testament it is used interchangeably with the devil, and is so used more than thirty times.Sources: the Bible text itself · Satan
  • Paul says he urged Titus to visit them and sent our brother with him, then asks whether Titus exploited them in any way. Easton's Bible Dictionary (1897) says Titus appears to have been a Gentile whom Paul refused to have circumcised, and that Paul sent him from Ephesus to Corinth to forward the church's collection for the poor saints in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Titus

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.