2 Chronicles 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre, li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè. 2Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude. 3Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès. 4Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan. 5Li te gen epesè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat. 6Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.
7Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la. 8Anplis, li te fè dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò. 9Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz. 10Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.
11Anplis, Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo.
Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a: 12de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo, 13epi kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo. 14Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo, 15ak yon sèl lanmè avèk douz bèf yo anba li. 16Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a. 17Nan plèn Jourdain an, Wa a te fonn yo nan tè ajil ki te antre Succoth avèk Tseréda a. 18Konsa, Salomon te fè tout zouti sila yo an gran kantite, jis pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
19Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, tab yo avèk pen prezans lan sou yo, 20chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a; 21flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt; 22epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.

Did you know?
Furnishings for the Temple
- The massive bronze furnishings for the temple, including the colossal basin known as the Sea and its twelve supporting oxen, were cast in clay molds in the Jordan Valley between Succoth and Zeredah (also called Zarthan). This complex metallurgical work was directed by the master artisan Huram-abi.Sources: the Bible text itself · Hiram · Zeredah
- The great cast metal Sea had a rim shaped like an open lily and held water exclusively for the priests to wash before performing sacred duties. Ten separate mobile basins were designated for rinsing the animal parts used in burnt offerings.Sources: the Bible text itself
- Inside the temple building, Solomon provided ten pure gold lampstands and ten tables for the Bread of the Presence, along with solid gold doors leading to the Most Holy Place and an abundance of gold utensils such as bowls, censers, and wick trimmers.Sources: the Bible text itself · Most Holy Place
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 17
- Most Holy Place · Today: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · verses 20, 22
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org