2 Chronicles 33
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem. 2Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo. 3Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo. 4Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.” 5Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan de lakou lakay SENYÈ yo. 6Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. 7Li te mete imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. 8Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.” 9Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men yo pa t okipe sa menm. 11Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l nan chenn. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.
12Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo. 13Lè li te priye a Li menm, Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.
14Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo. 15Anplis, li te retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la. 16Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la. 17Sepandan, pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a.
18Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinò yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo. 19Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo. 20Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
21Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem. 22Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo. 23Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li. 24Anfen, sèvitè li yo te fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li. 25Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.

Did you know?
The Reigns of Manasseh and Amon
- Although Manasseh reversed his father Hezekiah's reforms and promoted idolatry throughout Judah, his captivity marked a dramatic turning point. Captured with hooks and bronze shackles by Assyrian commanders and taken to Babylon, he humbled himself and prayed, leading to his restoration to the throne in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Assyria · Babylon
- Following his return to Jerusalem, Manasseh strengthened the city's defenses by expanding and heightening the outer wall around the hill of Ophel toward the Fish Gate. He also removed the foreign idols and altars he had previously erected in the temple and ordered Judah to worship the God of Israel.Sources: the Bible text itself · Ophel · Fish Gate
- Manasseh's son Amon revived the idolatrous practices his father had introduced but did not humble himself before God. After a brief reign of two years, Amon was assassinated by his own servants in his palace, and the people of the land installed his young son Josiah as king.Sources: the Bible text itself · Amon · Josiah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 4, 7, 9, 13, 15, 21
- Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 6
- Assyria · 36.359, 43.153 · verse 11
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 11
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 14
- Fish Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 14
- Gihon · Today: Gihon Spring · 31.773, 35.236 · verse 14
- Kidron · Today: Kidron River · 31.780, 35.240 · verse 14
- Ophel · 31.775, 35.236 · verse 14
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org