Nations Bible

2 Chronicles 28

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a, 2men li te mache nan chemen a wa Israël yo. Anplis, li te fè imaj fonn pou Baal yo. 3Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo. 4Li te fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt.

5Pou sa, SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri. 6Paske Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo. 7Epi Zicri yon nonm pwisan nan Éphraïm, te touye Maaséja, fis a wa a avèk Azrikam, chèf a kay wayal la, e Elkana, dezyèm apre wa a. 8Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie. 9Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la. 10Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an? 11Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.” 12Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan an, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la. 13Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.”

14Pou sa, mesye ki t ap pote zam yo te kite kaptif yo avèk piyaj la devan ofisye yo avèk tout asanble a. 15Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.

16Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen. 17Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif. 18Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la. 19Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a. 20Pou sa, Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li. 21Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li.

22Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a. 23Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: “Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël. 24Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem. 25Nan chak vil nan Juda, li te fè wo plas pou brile lansan a lòt dye yo, e li te pwovoke SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, a lakòlè.

26Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo. 27Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Reign and Crises of King Ahaz

  • After the northern kingdom of Israel defeated Judah and brought 200,000 captives to Samaria, a prophet named Oded and several Ephraimite leaders intervened. Reminding the army that the captives were their kinsmen, they refused to enslave them, provided them with food, clothes, and donkeys, and escorted them safely back to Jericho.Sources: the Bible text itself
  • Pressured by invasions from Aram, Israel, Edom, and the Philistines, King Ahaz sent tribute taken from the temple and royal palace to King Tiglath-pileser of Assyria. Rather than providing lasting support, the Assyrian alliance brought further distress to Judah.Sources: the Bible text itself · Ahaz
  • Following military defeats against Damascus, Ahaz began sacrificing to the gods of Aram, reasoning that they had helped his enemies. He went on to cut apart the temple furnishings, shut the doors of the house of the LORD, and erect pagan altars on every street corner of Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Ahaz · Damascus

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 10, 24, 27
  • Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 3
  • Damascus · 33.511, 36.306 · verses 5, 23
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 5, 23
  • Samaria · 32.276, 35.195 · verses 8, 9, 15
  • City of Palms · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 15
  • Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 15
  • Assyria · 36.359, 43.153 · verses 16, 20, 21
  • Edom · 30.746, 35.604 · verse 17
  • Negeb · 31.245, 34.841 · verse 18
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · verse 18
  • Socoh · Today: Tel Socho · 31.682, 34.975 · verse 18

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.