2 Chronicles 25
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Amatsia te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa, e li te renye vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Joaddan de Jérusalem. 2Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l. 3Alò, li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a. 4Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
5Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj. 6Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan. 7Men yon nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo. 8Men si ou ale, aji avèk fòs pou batay la. Bondye va rale ou desann devan lènmi yo, paske Bondye gen pouvwa pou ede e pou desann.”
9Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?”
Nonm Bondye a te di: “Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”
10Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.
11Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo. 12Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso. 13Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo.
14Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm. 15Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”
16Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?”
Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”
17Alò, Amatsia, wa Juda a te pran konsèy moun pa l. Li te voye kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa Israël la. Li te di l: “Vini, annou parèt fasafas.”
18Joas, wa Israël la te voye kote Amatsia, wa Juda a. Li te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote bwa sèd ki te Liban an, e te di: ‘Bay fi ou a fis mwen nan maryaj.’ Men yon bèt sovaj nan Liban te pase akote e te foule bwa pikan an. 19Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?”
20Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo. 21Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a. 22Juda te bat pa Israël, e yo chak te kouri nan pwòp tant yo.
23Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè. 24Li te pran tout lò avèk ajan ak tout zouti ki te twouve lakay Bondye a avèk Obed-Édom ak trezò lakay wa a, ansanm avèk prizonye yo, e te retounen Samarie.
25Epi Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la. 26Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade, èske yo pa ekri nan Liv A Wa Juda Avèk Israël yo? 27Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la. 28Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda.

Did you know?
The Reign of Amaziah
- When King Amaziah executed the officials who had murdered his father, he spared their sons, citing the Law of Moses where each person must die only for their own sin rather than the sins of their parents.Sources: the Bible text itself · Amaziah
- Amaziah was the first king of Judah recorded as hiring a mercenary force of 100,000 northern Israelite soldiers. When a prophet commanded him to send them away, the dismissed troops reacted furiously by raiding cities of Judah from Samaria to Beth-horon.Sources: the Bible text itself · Amaziah · Beth-horon
- After defeating the Edomites in the Valley of Salt, Amaziah challenged King Jehoash of Israel, who warned him through a fable of a thistle demanding an alliance with a cedar of Lebanon before being trampled by a wild beast.Sources: the Bible text itself · Joash · Valley of Salt
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 23, 27
- Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 13
- Samaria · 32.276, 35.195 · verses 13, 24
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 18
- Edom · 30.746, 35.604 · verses 19, 20
- Corner Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 23
- Ephraim Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 23
- Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 27
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 28
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org