2 Chronicles 22
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye. 2Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa a e li te renye ennan Jérusalem. Non manman l te Athalie, fi a Omri. 3Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal. 4Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li. 5Li te osi mache selon konsèy pa yo, e te ale avèk Joram, fis a Achab la, wa Israël la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad. Men Siryen yo te blese Joram. 6Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad.
7Alò, destriksyon Achazia te sòti nan Bondye akoz li te ale kote Joram. Paske lè l te desann, li te sòti avèk Joram kont Jéhu, fis a Nimschi a, ke SENYÈ a te chwazi pou detwi lakay Achab. 8Li te vin rive ke lè Jéhu t ap egzekite jijman sou lakay Achab la, li te twouve chèf a Juda yo avèk fis a frè Achazia ki t ap sèvi Achazia yo, e li te touye yo. 9Anplis, li te chache Achazia, epi yo te kenbe li pandan li te kache Samarie a. Yo te mennen li kote Jéhu, yo te mete li a lanmò, e te antere li. Paske yo te di: “Li se fis a Josaphat, ki te chache SENYÈ a ak tout kè li a.” Konsa, pa t gen moun lakay Achazia pou te kenbe pouvwa wayòm nan.
10Alò lè Athalie, manman Achazia a, te wè ke fis li a te mouri, li te leve e te detwi tout pitit wa lakay Juda yo. 11Men Joschabeath, fi a wa a te pran fis a Achazia a e te rache li soti nan mitan fis a wa a ke yo t ap touye yo, e li te plase li avèk nouris li nan chanm dòmi an. Konsa, Joschabeath, fi a Wa Joram nan, madanm a Jehojada, prèt la (paske li te sè Achazia), te kache li pou Athalie pa t kab mete l a lanmò. 12Li te kache yo lakay SENYÈ a pandan sizan pandan Athalie t ap renye sou peyi a.

Did you know?
The Fall of Ahaziah and Athaliah's Usurpation
- Ahaziah was the son of King Jehoram and Athaliah, a daughter of Ahab and granddaughter of Omri. Guided by his mother's family, Ahaziah adopted the religious practices of the northern kingdom of Israel and allied with King Joram against Aram at Ramoth-gilead.Sources: the Bible text itself · Ahaziah · Athaliah
- When Ahaziah visited the wounded Joram in Jezreel, he was caught in the purge led by Jehu, whom God had anointed against the house of Ahab. Jehu's men executed Ahaziah but granted him a burial out of respect for his grandfather Jehoshaphat, who had sought the Lord.Sources: the Bible text itself · Jehu · Jehoshaphat
- After Ahaziah was killed, Athaliah usurped the throne and attempted to slaughter all the royal heirs of Judah. Her plan was thwarted by Jehoshabeath, Ahaziah's sister and wife of the priest Jehoiada, who hid the infant Joash in the temple for six years.Sources: the Bible text itself · Athaliah · Jehoram
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 5, 6
- Ramah · Today: Tall er Rumeith · 32.500, 36.015 · verse 6
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org