Nations Bible

2 Chronicles 16

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan trann-sizyèm ane règn Asa a, Baasha, wa a Israël la, te vin monte kont Juda, e li te ranfòse Rama pou anpeche ni antre, ni sòti, vè Asa, wa Juda a. 2Konsa, Asa te pote fè sòti ajan avèk lò soti nan trezò lakay SENYÈ a avèk lakay wa a, e li te voye yo kote Ben-Hadad, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: 3“Kite genyen yon alyans antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa m ak papa ou. Gade byen, mwen te voye ba ou ajan avèk lò. Ale, kraze alyans ou an avèk Baasha, wa Israël la, pou li retire li sou mwen.”

4Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk tout vil depo Nephthali yo. 5Lè Baasha te tande sa, li te sispann ranfòse Rama, e li te kite travay li. 6Alò, Wa Asa te mennen tout Juda, yo te retire wòch Rama yo avèk gwo bwa ki t ap sèvi pou bati yo, e avèk yo, li te ranfòse Guéba avèk Mitspa.

7Nan lè sa a, Hanani, konseye a te vin kote Asa, wa Juda a. Li te di li: “Akoz ou te depann de wa Syrie a e ou pa t depann de SENYÈ a, Bondye ou a, pou sa, lame wa Syrie a gen tan chape nan men ou. 8Èske Etyopyen yo avèk Libyen yo pa t yon lame ki vast avèk anpil cha ak chevalye? Men akoz ou te depann de SENYÈ a, Li te livre yo nan men ou. 9Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”

10Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.

11Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo. 12Nan trant-nevyèm ane règn li a, Asa te vin malad nan pye li. Maladi a te grav, men menm nan maladi a, li pa t chache SENYÈ a, men pito doktè. 13Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt li yo lè l fin mouri nan karanteyinyèm ane règn pa li a. 14Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li.

Did you know?

Asa’s Treaty, the Prophet’s Rebuke, and the King’s Death

  • When Baasha of Israel fortified Ramah near Judah’s border, King Asa used silver and gold from the temple and royal palace to buy an alliance with Ben-hadad of Damascus. Ben-hadad attacked northern Israelite towns, including Ijon, Dan, and Abel-maim, forcing Baasha to abandon his project, after which Asa used the leftover stones and timber to build Geba and Mizpah.Sources: the Bible text itself · Ben-hadad · Ramah · Damascus
  • The seer Hanani rebuked Asa for trusting in foreign military alliances rather than relying on God as he had done against previous vast armies. Infuriated by this criticism, Asa imprisoned the prophet and began oppressing some of his own subjects.Sources: the Bible text itself · Hanani
  • In the thirty-ninth year of his forty-one-year reign, Asa developed a severe foot disease and sought help only from physicians rather than the Lord. Upon his death, he was buried in the City of David in a tomb he had prepared, laid on a bier filled with spices and perfumes alongside a large memorial fire.Sources: the Bible text itself · Asa

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Damascus · 33.511, 36.306 · verse 2
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 2, 7
  • Dan · Today: Tel Dan · 33.249, 35.652 · verse 4
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.