Nations Bible

2 Chronicles 13

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda. 2Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam. 3Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan. 4Abija te kanpe sou Mòn Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël: 5Èske ou pa konnen ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa yon sèl akò? 6Men Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a. 7Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.

8“Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou. 9Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.

10“Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm. 11Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li. 12Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”

13Men Jéroboam te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo. 14Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo. 15Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda. 16Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, Bondye te livre yo nan men yo. 17Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri. 18Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 19Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo.

20Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e li te vin mouri. 21Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi. 22Alò, tout lòt zèv Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a pwofèt la, Iddo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Abijah’s Victory over Jeroboam

  • Before the battle, King Abijah of Judah stood on Mount Zemaraim in the hill country of Ephraim to speak to Jeroboam and Israel, defending the Davidic dynasty by citing an enduring covenant of salt.Sources: the Bible text itself · Mount Zemaraim · Abijah
  • Abijah contrasted the religious practices of the two kingdoms, noting that Judah retained the Aaronic priesthood and regular temple rituals, whereas Jeroboam had driven out the Levites and consecrated priests for golden calves.Sources: the Bible text itself · Aaron
  • Even though Jeroboam set an ambush behind the army of Judah, Judah prevailed after crying out to God and blowing the sacred trumpets, subsequently taking control of towns such as Bethel, Jeshanah, and Ephron.Sources: the Bible text itself · Bethel (of Palestine) · Jeshanah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
  • Jeshanah · Today: Burj el Isaneh · 31.999, 35.260 · verse 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.