2 Chronicles 10
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa. 2Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte. 3Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di: 4“Papa ou te fè fado nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
5Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.”
Konsa, pèp la te ale.
6Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
7Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
8Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l. 9Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
10Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m! 11Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
12Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.” 13Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo. 14Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
15Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
16Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
17Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem. 19Konsa, Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.

Did you know?
The Division of the Kingdom
- Rehoboam traveled to Shechem to be confirmed as king, where the assembly demanded relief from the heavy forced labor and taxation imposed under Solomon. Jeroboam, a former supervisor of forced labor who had fled to Egypt, returned to represent the people's appeal.Sources: the Bible text itself · Rehoboam · Jeroboam
- Rehoboam rejected the counsel of his father's veteran elders to speak kindly to the people, choosing instead the harsh answer suggested by the young men who grew up with him. The biblical narrative notes that this turn of events fulfilled the prophecy delivered by Ahijah the Shilonite.Sources: the Bible text itself · Ahijah
- When the northern tribes revolted from the house of David, Rehoboam sent Hadoram, his superintendent over forced labor, to address them. The Israelites stoned Hadoram to death, forcing Rehoboam to flee in his chariot to Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Adoniram
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 2
- Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verse 15
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org