Nations Bible

1 Timothy 2

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.

3Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a. 7Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.

8Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. 9Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.

11Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Prayer, modest worship, and Adam and Eve

  • This chapter urges that petitions, prayers, intercessions, and thanksgiving be offered for everyone, including kings and all those in authority, so that believers may lead tranquil and quiet lives in all godliness and dignity. It also says there is one God and one mediator between God and men, the man Christ Jesus, who gave himself as a ransom for all.Sources: the Bible text itself
  • When the letter says that Adam was formed first, and then Eve, it appeals to the first man of Genesis. Easton's Bible Dictionary (1897) explains that Adam is a Babylonian word meaning 'red,' the generic name for man, with the same meaning in Hebrew and Assyrian, and that he was formed from the dust of the earth.Sources: the Bible text itself · Adam
  • The letter says it was not Adam who was deceived, but the woman, who was deceived and fell into transgression. Easton's Bible Dictionary (1897) says Eve means 'life' or 'living,' the name Adam gave his wife, and that the account of her creation is given in Genesis 2:21-22.Sources: the Bible text itself · Eve

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.