1 Samuel 11
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”
2Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.”
3Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan tèritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.” 4Alò mesaje yo te vini Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.
5Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo. 6Konsa Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. 7Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan tèritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun. 8Li te konte yo nan Bézek e fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil. 9Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabès-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabès yo; epi yo te kontan. 10Alò, mesye a Jabès yo te di: “Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.” 11Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.
12Alò, pèp la te di a Samuel: “Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.”
13Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”
14Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou renouvle wayòm nan la.” 15Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil.

Did you know?
The Relief of Jabesh-gilead
- When messengers arrived at Gibeah with news of the Ammonite siege, Saul was working in the fields behind his oxen. He rallied the tribes by slaughtering a pair of oxen, cutting them into pieces, and dispatching them throughout Israel as a summons to follow him and Samuel into battle.Sources: the Bible text itself · Gibeah
- To rescue the city of Jabesh-gilead across the Jordan River, Saul assembled 300,000 men of Israel and 30,000 men of Judah at Bezek, a staging ground situated near the Jordan valley.Sources: the Bible text itself · Bezek · Jabesh-gilead
- After defeating the Ammonites, Samuel and the people gathered at Gilgal, an important sanctuary where the prophet regularly administered justice, to renew the monarchy and formally confirm Saul as king before the LORD with peace offerings.Sources: the Bible text itself · Gilgal
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org