1 Peter 5
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
5Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
6Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
8Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
10Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12Avèk èd Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vre gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!
13Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an Marc tou.
14Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.

Did you know?
Shepherding the Flock in Humility
- The chapter says the brief letter was written through Silvanus, regarded as a faithful brother. Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Silvanus with Silas, a prominent member of the Jerusalem church, chosen with Judas Barsabas to accompany Paul and Barnabas back to Antioch as bearers of the council's decree. The same entry says Silas then assisted Paul in Antioch, joined his second missionary journey, and is called Silvanus in Second Corinthians and in the letters to the Thessalonians.Sources: Silas · the Bible text itself
- Greetings also come from the writer's 'son Mark.' Easton's Bible Dictionary (1897) explains that Mark, a Roman name, gradually replaced the Jewish name John; he was Mary's son, probably born in Jerusalem, and Barnabas's cousin. The dictionary says Peter calls him his son and thinks it probable that Peter converted him, noting that many were gathered praying in his mother's house when Peter was released from prison.Sources: John Mark · the Bible text itself
- The church in Babylon, 'chosen together with you,' also sends greetings. Easton's Bible Dictionary (1897) explains Babylon as the Greek form of Babel, from Semitic Babilu, 'The Gate of God,' and says that in Assyrian tablets the name means 'the city of the dispersion of the tribes.' It places the city on the Euphrates, about 200 miles above the junction with the Tigris, which flowed through the city and divided it into two almost equal parts.Sources: Babylon · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · Today: Rome · 41.892, 12.485 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org