Nations Bible

1 Peter 2

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3si vrèman nou te goute dousè a Senyè a. 4Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.

5Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri. 6Paske sa twouve nan Lekriti sen an:

“Byen gade, Mwen poze nan Sion

yon wòch byen chwazi,

yon wòch kwen prensipal la,

e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”

7Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo:

“Wòch ke bòs mason yo te rejte a,

sa te devni vre wòch ang lan.”

8Epi:

“yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.”

Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.

9Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.

11Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan. 12Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.

13Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.

16Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.

18Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo. 19Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.

20Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye. 21Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

22Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

24Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

25Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Living Stones and a Chosen People

  • This chapter quotes Scripture about a chosen and precious cornerstone laid in Zion: the one who believes in him will never be put to shame. Zion was the south-eastern hill of Jerusalem, one of the heights on which the city was built, surrounded on every side except the north by deep valleys.Sources: the Bible text itself · Zion
  • David took Zion from the Jebusites, built a citadel and a palace there, and the hill became known as the city of David. The letter uses that place-name when it quotes Scripture about a cornerstone laid in Zion, and it pictures the readers as living stones being built into a spiritual house and a holy priesthood.Sources: Zion · the Bible text itself
  • The chapter urges submission, for the Lord’s sake, to every human institution—to the king as supreme authority and to governors sent to punish wrong and praise what is right. It tells servants to respect even unreasonable masters, and it holds up Christ’s suffering, without sin, deceit, threats, or retaliation, as the pattern for enduring unjust pain.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 6

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.