1 Kings 9
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, li te vin rive ke lè Salomon te fin bati kay SENYÈ a, ak kay wa a ak tout sa ke Salomon te vle fè, 2SENYÈ a te parèt a Salomon yon dezyèm fwa, jan Li te parèt kote li nan Gabaon an. 3SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt. 4E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo, 5alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’ 6Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo, 7alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo. 8Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a? 9Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”
10Li te vin rive vè fen ventan ke Salomon t ap bati de kay yo, kay SENYÈ a ak kay wa a, 11(Hiram, wa Tyr la te founi Salomon avèk bwa sèd ak bwa pichpen avèk lò, selon sa ke li te vle a), alò, Wa Salomon te bay Hiram ven vil nan peyi Galilée. 12Konsa, Hiram te sòti Tyr pou vin wè vil ke Salomon te ba li yo, e yo pa t fè l kontan. 13Li te di: “Ki vil sa yo ke ou te ban mwen yo, frè mwen?” Pou rezon sa a, yo te ba yo non a peyi a Cabul menm rive jis jodi a. 14Epi Hiram te voye a wa a san ven talan lò.
15Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer. 16Paske Farawon, wa Égypte la te monte, kaptire Guézer. Li te brile li avèk dife, e li te touye Kananeyen ki te rete nan vil yo. Epi li te ba li kòm dwa maryaj fi li a, madanm a Salomon. 17Konsa, Salomon te rebati Guézer, e piba Beth-Horon, 18epi Balath avèk Tamar nan dezè a, nan peyi Juda, 19ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout tèritwa a anba règ pa li. 20Tout pèp ki te retay Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, Jebizyen yo, ki pa t nan fis Israël yo— 21ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a. 22Men Salomon pa t fè esklav yo pami fis Israël yo, paske yo te sèvi kòm mesye lagè yo, sèvitè li yo, prens li yo, kapitèn li yo, kòmandan a cha li yo, avèk chevalye li yo. 23Sila yo se te chèf ofisye ki te sou zèv Salomon yo; senk-san-senkant ki te chèf sou moun ki te fè travay la yo.
24Men fi Farawon an te monte soti nan vil David la pou rive nan kay ki te bati pou li a. Epi konsa, Salomon te bati Sitadèl Millo a.
25Alò, twa fwa pa ane, Salomon te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè sou lotèl ke li te bati bay SENYÈ a. Li te brile lansan sou yo, sou lotèl ki te devan SENYÈ a. Konsa, li te fini kay la.
26Wa Salomon osi te bati yon kantite gwo bato nan Etsjon-Guéber, ki te toupre Éloth arebò Lamè Wouj la, nan peyi Édom an. 27Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo. 28Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.

Did you know?
Solomon's Covenant, Projects, and Alliances
- After twenty years of construction on the temple and the royal palace, Solomon gave King Hiram of Tyre twenty cities in Galilee in exchange for cedar, cypress logs, and gold. When Hiram traveled to inspect the towns, he was displeased with them and called the region the "Land of Cabul."Sources: the Bible text itself · Hiram · Tyre
- The strategic city of Gezer remained under Canaanite control until an Egyptian pharaoh conquered and burned it, giving the site as a wedding dowry to his daughter when she married Solomon. Solomon subsequently rebuilt and fortified Gezer along with Jerusalem's defenses and several store cities.Sources: the Bible text itself · Gezer · Daughter of Pharaoh
- Solomon established a maritime fleet at Ezion-geber on the coast of the Red Sea in Edom. Partnering with seasoned Phoenician sailors sent by Hiram of Tyre, the expedition sailed to Ophir and brought back 420 talents of gold.Sources: the Bible text itself · Hiram
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 2
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 9, 16
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 11
- Tyre · 33.271, 35.196 · verses 11, 12
- Cabul · Today: Cabul 2 · 32.868, 35.211 · verse 13
- Gezer · Today: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · verses 15, 16, 17
- Hazor · Today: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · verse 15
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 15, 19
- Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 15
- Lower Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 17
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 19
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 24
- Edom · 30.746, 35.604 · verse 26
- Red Sea · Today: Gulf of Aqaba · 28.750, 34.750 · verse 26
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org