Nations Bible

1 Kings 16

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, pawòl SENYÈ a te vini aJéhu, fis a Hanani a kont Baescha, e te di: 2“Mwen te egzalte ou, Baescha, soti nan pousyè e Mwen te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël. E ou te mache nan chemen Jéroboam pou te fè pèp Mwen an, Israël peche e te pwovoke M a lakòlè avèk peche pa yo. 3Veye byen, Mwen va manje Baescha nèt avèk lakay li e Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la. 4Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”

5Alò, lòt zèv a Baescha, sa li te fè ak pwisans li, èske yo pa t ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 6Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.

7Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.

8Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan. 9Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a. 10Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.

11Li te vin rive ke lè li te devni wa a, depi li te chita sou twòn nan, ke li te touye tout manm lakay Baescha yo. Li pa t kite menm yon gason, ni pami fanmi, ni nan zanmi li yo. 12Konsa, Zimri te detwi tout lakay Baescha, selon pawòl ke SENYÈ a te pale kont Baescha pa Jéhu, pwofèt la, 13pou tout peche a Baescha yo ak peche a Éla, fis li a, peche ke yo te fè e avèk sila yo te fè Israël peche yo, e ki te pwovoke Li a lakòlè avèk zidòl pa yo. 14Alò, tout lòt zèv a Éla yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?

15Nan venn-setyèm ane Asa a, wa Juda a, Zimri, te renye pandan sèt jou nan Thirtsa. Alò, pèp la te fè kan kont Guibbethon, ki te pou Filisten yo. 16Moun ki te nan kan yo te tande li e te di: “Zimri te fè konplo pou vin frape wa a.” Pou sa, tout Israël te fè Omri chèf lame a wa a sou Israël menm jou sa a nan kan an. 17Alò, Omri ak tout Israël avèk li te monte soti nan Guibbethon pou te fè syèj kont Thirtsa. 18Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te mouri. 19Sa te fèt akoz peche ke li te fè yo, ak mal li te fè nan zye SENYÈ a, li te mache nan chemen Jéroboam. Nan peche li te fè yo, li te fè Israël peche. 20Alò lòt zèv a Zimri yo avèk konplo li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?

21Alò, pèp Israël yo te divize an de pati: mwatye te swiv Thibni, fis a Guinath la pou fè l devni wa; mwatye te swiv Omri. 22Men moun ki te swiv Omri yo te vin genyen sou moun ki te swiv Thibni yo, fis a Guinath la. Epi Thibni te mouri e Omri te vin wa a. 23Nan tranteyen ane Asa a, wa Juda a, Omri te devni wa sou Israël e li te renye pandan douz ane. Li te renye pandan sizan nan Thirtsa. 24Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan. 25Omri te fè mal nan zye SENYÈ a e li te aji avèk plis mechanste pase tout moun ki te avan l yo. 26Paske li te mache nan tout chemen a Jéroboam yo, fis a Nebat la ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo, e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, avèk zidòl pa yo. 27Alò, tout lòt zèv ke Omri te fè yo ak pwisans ke li te montre yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 28Konsa, Omri te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere Samarie; epi Achab, fis li a, te devni wa nan plas li.

29Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan. 30Achab, fis Omri a te fè mal nan zye a SENYÈ a plis pase tout moun ki te avan li yo. 31Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li. 32Konsa, li te fè monte yon lotèl pou Baal nan kay Baal ke li te bati Samarie a. 33Achab osi te fè Astarté. Konsa, Achab te fè plis pou pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, pase tout wa a Israël ki te avan li yo. 34Nan jou pa li yo, Hiel, moun Béthel la te bati Jéricho. Li te poze fondasyon li yo avèk pèt Abiram, premye ne li a e li te monte pòtay li yo avèk pèt a pi piti fis li a, Segub, selon pawòl SENYÈ a te pale pa Josué, fis a Nun nan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Dynastic Turmoil and the Rise of Samaria

  • The northern kingdom experienced extreme political instability during this era. After Zimri assassinated Elah in Tirzah, he ruled for only seven days before commander Omri besieged the city, prompting Zimri to burn the palace over himself; Omri then had to fight a four-year civil war against a rival claimant, Tibni.Sources: the Bible text itself · Zimri · Omri · Tirzah
  • After ruling from Tirzah for six years, King Omri established a new permanent capital. He purchased a prominent, steep-sided hill from an owner named Shemer for two talents of silver, built a fortified royal city on its summit, and named it Samaria.Sources: the Bible text itself · Samaria · Omri
  • Omri's son Ahab expanded royal alliances by marrying Jezebel, the daughter of the Sidonian king Ethbaal. Ahab went beyond the religious practices instituted by Jeroboam by establishing state worship for Phoenician deities, erecting a temple and altar to Baal as well as an Asherah pole in Samaria.Sources: the Bible text itself · Ahab

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Samaria · 32.276, 35.195 · verses 24, 28, 29, 32
  • Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 34

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.