Nations Bible

1 Kings 14

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad. 2Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la. 3Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”

4Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li. 5Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.”

6Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di. 7Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: “Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël, 8e akoz Mwen te chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen. 9Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou— 10Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt. 11Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.”’ 12Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri. 13Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan. 14Anplis, SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm! 15Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 16Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”

17Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri. 18Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la.

19Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo. 20Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a.

21Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit. 22Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo. 23Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. 24Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.

25Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem. 26Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo. 27Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo. 28Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo.

29Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo? 30Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan. 31Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Judgment on Jeroboam and the Invasion of Judah

  • When Jeroboam's son Abijah fell ill, the king sent his wife in disguise to Shiloh to consult the prophet Ahijah, who had originally foretold Jeroboam's rise to the throne. Though Ahijah was blind due to old age, God forewarned him of her arrival, prompting the prophet to announce the demise of Jeroboam's dynasty and the child's immediate death upon her return to Tirzah.Sources: the Bible text itself · Ahijah · Abijah · Tirzah
  • In the fifth year of King Rehoboam's reign in Jerusalem, Pharaoh Shishak of Egypt invaded Judah and looted the treasures of the temple and royal palace. Among the seized items were the elaborate golden shields made during Solomon's reign, which Rehoboam subsequently replaced with cheaper bronze shields for the royal guard.Sources: the Bible text itself · Rehoboam · Solomon · Jerusalem
  • The chapter highlights the ongoing conflict and division between the two kingdoms: Rehoboam ruled Judah from Jerusalem, while Jeroboam ruled the northern tribes from Tirzah, with continuous warfare persisting between them throughout their reigns.Sources: the Bible text itself · Jeroboam · Rehoboam · Tirzah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verses 2, 4
  • Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 15
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 21, 25
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 25
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 31

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.