1 John 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
3Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
7Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl ke nou te tande depi kòmansman an. 8Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja. 9Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan. 10Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. 11Men sila ki rayi frè l la, li nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap prale, paske tenèb la fin fè l avèg.
12M ap ekri nou, timoun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li. 13M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jennonm yo, paske nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou timoun yo, paske nou konnen Papa a. 14Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan an.
15Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
18Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè. 19Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
20Men nou menm gen onksyon an ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa. 21Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a. 22Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. 23Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
24Pou nou menm, kite sa ke nou te tande depi kòmansman an demere nan nou. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou va osi rete nan Fis la, ak Papa a. 25Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.
26Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon. 27Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li. 28Epi koulye a, timoun yo, rete nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini. 29Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati ne de Li.

Did you know?
Light, love, and remaining in Christ
- The writer calls the readers “little children” and also addresses children, fathers, and young men in turn. The children are told that their sins have been forgiven and that they know the Father; the fathers, that they know the one who is from the beginning; the young men, that they are strong, that the word of God abides in them, and that they have overcome the evil one.Sources: the Bible text itself
- The writer calls the commandment both old and new: it is the message they have had from the beginning, and it is also new because it is true in Jesus and in them, while the darkness is fading and the true light is already shining. Hating a brother, the chapter says, leaves a person walking in darkness; loving a brother means remaining in the light.Sources: the Bible text itself
- In this chapter, “antichrist” is not only the figure the readers have heard is coming. The writer says many antichrists have already appeared, that they went out from the group he calls “us” even though they did not belong to it, and that the antichrist is the one who denies that Jesus is the Christ and denies the Father and the Son. That appearance, he writes, is how they know it is the last hour.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org