1 Corinthians 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. 2Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.
6Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. 7Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; 8sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. 9Men jan sa ekri a:
“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,
ki pa janm antre nan kè a lòm;
tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
10Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16“Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.

Did you know?
Christ crucified and the Spirit's wisdom
- The writer says he did not come with eloquence or wisdom when he proclaimed the testimony about God. He had resolved to know nothing while he was with them except Jesus Christ and him crucified, and he came in weakness, fear, and much trembling, so their faith would rest on God's power rather than on human wisdom.Sources: the Bible text itself
- The wisdom spoken among the mature is not the wisdom of this age or of its rulers, who are coming to nothing. It is called God's mysterious, hidden wisdom, destined for glory before time began; those rulers did not understand it, or they would not have crucified the Lord of glory.Sources: the Bible text itself
- The chapter says God has revealed by the Spirit what lies beyond human sight, hearing, and imagination. Only a person's own spirit knows that person's thoughts, and only the Spirit of God knows God's thoughts. The natural person does not accept what comes from the Spirit, treats it as foolishness, and cannot understand it, because it is spiritually discerned.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org