1 Corinthians 14
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pouswiv lanmou, men dezire ak tout kè nou, don Lespri yo, sitou don pou nou kapab pwofetize a.
2Paske sila ki pale an lang yo pa pale ak moun, men ak Bondye; paske pèsòn pa konprann, men nan lespri li, li pale mistè yo.
3Men yon moun ki pwofetize pale ak moun pou fè yo konprann plis, pou egzòte yo, e pou konsole yo.
4Sila ki pale an lang lan, edifye tèt li, men sila ki pwofetize a edifye legliz la.
5Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.
6Men alò, frè m yo, si mwen vini a nou menm e m ap pale an lang, ki pwofi mwen ye pou nou si omwen mwen pa pale ak nou selon revelasyon, konesans, pwofesi oswa enstriksyon?
7Paske menm bagay ki pa gen lavi nan yo, tankou flit, oswa ap, lè yo fè yon son, si li pa yon son ki klè, kijan nou ka fè konnen si sa k ap jwe a se flit la, oswa ap la?
8Paske si twonpèt la pwodwi yon son ki pa klè, kijan yon moun va prepare tèt li pou batay la?
9Donk nou menm tou, sof ke nou pale an lang pawòl ki klè, kijan yo va konnen sa ki pale a? Paske si li pa konsa, se konsi, nou pale pawòl anlè.
10Genyen, petèt, anpil kalite lang nan mond lan, e okenn pa san konprann.
11Si, alò, mwen pa konprann lang lan, a sila ki pale li a, mwen va tankou yon sovaj, e sila ki pale a va yon sovaj pou mwen.
12Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la.
13Konsa, kite sila ki pale an lang lan priye pou li kapab osi entèprete li.
14Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.
15Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.
16Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?
17Paske nou ap bay remèsiman ase byen, men lòt moun nan pa edifye.
18Mwen remèsye Bondye m nan, mwen pale an lang plis ke nou tout.
19Sepandan, nan legliz la mwen pito pale senk mo avèk entèlijans mwen, pou m kapab enstwi lòt yo osi, olye di-mil mo an lang.
20Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.
21Nan Lalwa a, li ekri: “Pa lèzòm ak lang etranje yo, e pa bouch etranje yo mwen va pale a pèp sila a, e malgre sa, yo p ap koute Mwen,” di Senyè a.
22Kidonk, lang yo se pou yon sign, pa pou sila ki kwè yo, men pou enkwayan yo; men pwofetize se yon sign, pa pou enkwayan yo, men pou sila ki kwè yo.
23Donk, si tout legliz la reyini ansanm e yo tout pale an lang, e moun ki san don oubyen enkwayan yo antre, èske yo p ap di ke nou fou?
24Men si nou tout ap pwofetize, e yon enkwayan oubyen yon moun ki san don antre, l ap vin konvenk pa tout bagay. Konsa, li va rele pou vin rann kont de tout bagay. 25Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.
26Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.
27Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.
28Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.
29Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.
30Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.
31Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.
32Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.
33Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.
34Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.
35Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.
36Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?
37Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.
38Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.
39Konsa, frè m yo Se pou nou gen yon dezi sensè pou pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.
40Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.

Did you know?
Prophecy, Tongues, and Order in Worship
- This chapter describes speaking in a tongue as speech addressed to God, not to other people: no one understands the speaker, who utters mysteries in the Spirit and edifies only himself. Prophecy, by contrast, speaks to people for their edification, encouragement, and comfort, and so edifies the church.Sources: the Bible text itself
- Unclear speech is compared to lifeless instruments, such as a flute or harp whose notes are not distinct, and to a trumpet that gives a muffled call so that no one prepares for battle. The chapter also says there are many different languages in the world, and that if a person does not know the meaning of someone’s language, each is a foreigner to the other.Sources: the Bible text itself
- When the church comes together, each contribution—a psalm, a teaching, a revelation, a tongue, or an interpretation—must be done to build up the church. If anyone speaks in a tongue, two or at most three should speak in turn, and someone must interpret; if there is no interpreter, the speaker should remain silent in the church and speak only to himself and to God. Two or three prophets should speak while the others weigh what is said, and the first speaker should stop if a revelation comes to someone who is seated, for the spirits of prophets are subject to prophets, and God is not a God of disorder but of peace.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org