1 Chronicles 19
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, li te vin rive apre sa, ke Nachasch, wa a fis a Ammon yo te mouri e fis li a te devni wa nan plas li. 2Epi David te di: “Mwen va montre favè a Hanun, fis a Nachasch la, akoz papa li te montre m favè.” Pou sa, David te voye mesaje pou konsole li selon lanmò papa li. Sèvitè David yo te antre nan peye fis a Ammon yo pou konsole Hanun. 3Men chèf a fis a Ammon yo te di a Hanun: “Èske ou kwè ke David ap bay papa ou onè akoz li voye moun rekonfòte yo? Èske sèvitè li yo pa vin kote ou pou chèche fè espyonaj pou boulvèse peyi a?” 4Epi Hanun te pran sèvitè David yo e te taye tout cheve yo, koupe vètman yo nan mitan jis rive nan kwis e te voye yo ale. 5Alò, kèk moun te ale pale David konsènan afè mesye yo. Epi li te voye rankontre yo, paske mesye sa yo te byen wont. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin grandi ankò e retounen.”
6Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba. 7Konsa, yo te achte sèvis a trann-de-mil cha e wa Maaca a avèk pèp li a, ki te vin fè kan devan Médeba a. Fis a Ammon yo te rasanble soti nan vil pa yo pou te vin batay. 8Lè David tande sa, li te voye Joab avèk tout lame, mesye pwisan yo. 9Fis a Ammon yo te vin parèt, te rale yo nan chan batay la nan antre vil la e wa ki te vini yo te la apa pou kont yo nan chan an.
10Alò, lè Joab te wè ke batay la te prepare kont li ni devan, ni dèyè; li te chwazi soti nan mesye pi chwazi pami tout Israël yo e yo te alinye yo kont Siryen yo. 11Men retay a pèp la, li te plase nan men Abischaï, frè li a; epi yo te alinye yo kont fis Ammon yo. 12Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò ou va ede m; men si fis a Ammon twò fò pou ou; alò, mwen va ede ou. 13Kenbe fèm e annou montre kouraj nou pou koz pèp nou ak pou vil Bondye pa nou yo. Epi ke SENYÈ a va fè sa ki bon nan zye li.”
14Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te ale toupre batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan li. 15Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo te sove ale osi devan Abischaï, frè li a e te antre lavil la. Epi Joab te vini Jérusalem.
16Lè Siryen yo te wè ke yo te bat pa Israël, yo te voye mesaje pou te mennen fè sòti Siryen ki te lòtbò Rivyè a, avèk Schophach, chèf lame Hadarézer ki t ap dirije yo a. 17Lè bagay sa a te pale a David, li te ranmase tout Israël ansanm, te travèse Jourdain an, te vin parèt sou yo e te rale nan fòmasyon batay kont yo a. Epi lè David te rale nan fòmasyon batay la kont Siryen yo, yo te goumen kont li. 18Siryen yo te sove ale devan Israël e David te touye nan Siryen yo, sèt-mil mèt cha avèk karant-mil sòlda a pye e te mete a lanmò Schophach, chèf lame a. 19Konsa, lè sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te fè lapè avèk David e te sèvi li. Konsa, Siryen yo pa t janm dakò ankò pou ede fis a Ammon yo.

Did you know?
War with Ammon and the Arameans
- When Hanun king of the Ammonites suspected David's envoys of espionage, he publicly humiliated them by shaving their beards and cutting their garments. To spare them further shame, David instructed the men to stay at the oasis city of Jericho until their beards grew back.Sources: the Bible text itself · Jericho
- Facing war with Israel, the Ammonites spent one thousand talents of silver to hire chariots and horsemen from Aramean kingdoms such as Zobah, Aram-naharaim, and Maacah. Faced with a two-front battle near Medeba, Joab divided the Israelite forces, leading elite troops against the Arameans while his brother Abishai engaged the Ammonites.Sources: the Bible text itself · Joab · Abishai · Medeba
- After their initial retreat, the Arameans summoned reinforcements from across the Euphrates River led by Shophach, the general of King Hadadezer of Zobah. David personally crossed the Jordan to defeat them, prompting Hadadezer's vassals to make peace and end their support for Ammon.Sources: the Bible text itself · Hadarezer · Shobach · Zobah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Ammon · 31.955, 35.934 · verses 1, 2, 3, 6, 7, 9, 11, 12, 15, 19
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 5
- Maacah · 33.258, 35.581 · verses 6, 7
- Mesopotamia · Today: Aram-naharaim · 36.864, 39.033 · verse 6
- Zobah · 33.935, 36.151 · verse 6
- Medeba · Today: Madaba · 31.716, 35.795 · verse 7
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 10, 12, 14, 15, 16, 17, 18, 19
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 15
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 16
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 17
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org