Nations Bible

Zechariah 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Katriyèm jou nan nevyèm mwa yo rele mwa Kislev, nan katriyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak Zakari. 2Moun lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Seyè a. 3Yo te voye yo vin mande prèt yo ansanm ak pwofèt k'ap sèvi nan tanp Seyè a keksyon sa a: -Pandan senkyèm mwa a, èske se pou nou toujou pran lapenn pou tanp yo te detwi a? Eske se pou nou toujou fè jèn jan nou te konn fè pandan tout lanne anvan yo? 4Lè sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pale avè m', li di m' konsa: 5-Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa? 6Konsa tou, lè nou t'ap manje, lè nou t'ap bwè, èske se pa t' pou pwòp plezi pa nou? 7Se menm mesaj sa a Seyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t'ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a. 8Seyè a pale ak Zakari, li di l' konsa: 9-Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt. 10Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal. 11Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesaj mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Seyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesaj sa yo. Se konsa Seyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo. 13Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pa t' koute l' lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pa t' reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l'. 14Li gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pa t' konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pesonn ladan l'. Yon bon peyi konsa, yo fè l' tounen yon dezè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

True Fasting and Justice

  • In the fourth year of King Darius, a delegation including Sharezer and Regem-melech arrived in Jerusalem to ask the priests and prophets whether the people should continue observing the annual fasts kept for seventy years during the exile.Sources: the Bible text itself · Sherezer · Regem-melech · Darius
  • Zechariah's response recalled the warnings of earlier prophets before Jerusalem fell, stressing that religious fasts are meaningless unless accompanied by true justice, mercy, and care for vulnerable groups such as widows, orphans, foreigners, and the poor.Sources: the Bible text itself · Zechariah · Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 7
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · verse 7
  • South · Today: Negeb · 31.245, 34.841 · verse 7

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.