Nations Bible

Zechariah 5

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la. 2Zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Kisa ou wè? Mwen reponn li: -Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè. 3Epi li di m': -Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou. 4Seyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m' fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo. 5Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a. 6Mwen mande l': -Kisa l' ye? Li reponn mwen: -Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l'. 7Panyen an te gen yon kouvèti plon. Kouvèti a leve. Mwen wè yon gwo fanm chita anndan panyen an. 8Zanj lan di m' konsa: -Fanm sa a, se mechanste ki non l'! Lèfini, li peze l' antre nan panyen an epi li mete kouvèti plon an sou li. 9Apre sa mwen leve je m' gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l'. 10Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kote yo prale ak panyen an la a? 11Li reponn mwen: -Yo pral bati yon tanp pou li nan peyi Babilòn. Y'ap fè yon pye pou li. Lèfini, y'ap mete l' la pou moun adore l'.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Visions of the Flying Scroll and the Basket

  • Zechariah sees a massive flying scroll measuring twenty cubits long by ten cubits wide. The interpreting angel explains that it represents a curse going out over the land against thieves and perjurers, remaining inside their houses until even the timbers and stones are destroyed.Sources: the Bible text itself
  • The chapter's second vision depicts a woman personifying Wickedness sealed inside a measuring basket under a heavy lead cover. Two women with stork-like wings carry the basket away to Shinar, the biblical region associated with southern Mesopotamia and ancient Babylon, where a house and pedestal are prepared for it.Sources: the Bible text itself · Shinar

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Shinar · Today: Babylonia · 32.543, 44.422 · verse 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.