Nations Bible

Zechariah 3

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'. 2Zanj Seyè a di Satan konsa: -Se pou Seyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Seyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l' pa fin boule nèt. 3Jozye te kanpe la devan zanj Seyè a, ak rad li tou sal. 4Zanj lan pran lapawòl ankò, li pale ak lòt zanj ki te la tou devan li. Li di yo: -Wete rad sal ki sou li a. Epi li di Jozye konsa: -Ou wè. Mwen wete tout peche ou yo. M'ap ba ou bèl rad pwòp pou ou mete sou ou. 5Lèfini, li pase yon lòd, li di lòt zanj yo: -Mare tèt li ak yon mouchwa pwòp. Yo mare tèt Jozye ak yon bèl mouchwa pwòp, epi yo mete rad pwòp sou li. Zanj lan menm te kanpe la ap gade. 6Apre sa, zanj Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: 7-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m' lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m' yo. 8Koute byen, ou menm Jozye, granprèt la, ansanm ak prèt parèy ou yo ki la devan ou. Nou pral sèvi remak pou bagay ki gen pou rive a. M'ap fè sèvitè m' lan, sa yo rele Boujon an, vini. 9Men m'ap mete yon wòch devan Jozye. Wòch sa a gen sèt fas. Se mwen menm ki pral make pawòl ki pou make sou wòch la. Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. M'ap pran yon sèl jou pou m' wete tout peche ki nan peyi a. 10Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

Did you know?

The Cleansing of Joshua the High Priest

  • Joshua, the son of Jozadak, served as the Jewish high priest alongside Zerubbabel after the return from exile. In Zechariah's vision, he stands before the angel of the LORD representing the restored community.Sources: Joshua · the Bible text itself
  • In Hebrew, the word rendered as Satan means adversary or accuser. In this passage, he stands at the right hand of Joshua in the manner of a courtroom accuser bringing charges against the high priest.Sources: Satan · the Bible text itself
  • The removal of Joshua's filthy garments and the granting of splendid robes and a clean turban visually signify the removal of iniquity and the renewal of the high priesthood.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.