Nations Bible

Zechariah 10

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè sezon prentan rive, mande Seyè a pou l' ban nou lapli. Se Seyè a ki fè loraj gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse. 2Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo. 3Seyè a di ankò: -Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m' yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouraj pou yo sèvi m' tankou chwal frengan pou fè lagè. 4M'ap fè anpil ladan yo tounen chèf, kòmandan lame ak sòlda ki gen ladrès pou goumen. Se nan pèp la menm m'ap fè chèf ki pou gouvènen yo soti. 5Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont. 6Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'. 7Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda. Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg. Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt. Y'a kontan pou sa Seyè a te fè pou yo. 8Mwen pral rele yo pou m' fè yo sanble paske mwen delivre yo. Yo pral vin peple anpil ankò, jan yo te ye anvan an. 9M'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Men, y'a toujou chonje m', menm lè yo nan peyi byen lwen. Y'a viv la ansanm ak pitit yo. Yon jou, y'a tounen nan peyi yo a. 10M'ap fè yo soti kite peyi Lejip tounen lakay yo. M'ap ranmase yo nan peyi Lasiri. Y'ap tounen vin rete nan peyi Galarad ak nan peyi Liban. Peyi a pral twò piti pou yo. 11Lè pou yo janbe lanmè peyi Lejip la, mwen menm, Seyè a, m'a frape dlo lanmè a. Epi tout kote larivyè Nil ap koule yo pral chèch. Mwen pral kraze lògèy peyi Lasiri a. Peyi Lejip pral pèdi pouvwa li. 12Mwen pral bay pèp mwen fòs kouraj ankò. Y'a sèvi m', y'a fè lwanj mwen. Se Seyè a menm ki di sa!

Did you know?

Restoration and the Gathering of the Flock

  • Zechariah opens by contrasting the Lord, who provides the crucial spring rains for crops, with household idols and diviners whose empty promises left the people wandering like leaderless sheep.Sources: the Bible text itself
  • The prophecy explicitly mentions both the house of Judah and the house of Joseph (represented by Ephraim), envisioning the reunion and strengthening of both the southern and northern branches of Israel.Sources: the Bible text itself · Joseph (son of Jacob) · Ephraim
  • Egypt and Assyria represent the historical superpowers and regions of exile from which the scattered people would be gathered back to settle fertile lands like Gilead east of the Jordan and Lebanon in the north.Sources: the Bible text itself · Egypt · Assyria

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Assyria · 36.359, 43.153 · verses 10, 11
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 10, 11
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 10
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 10
  • Nile · Today: Nile River · 31.465, 30.367 · verse 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.