Romans 9
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti. 2Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan. 3Mwen ta pito wè m' tonbe anba madichon Bondye, mwen ta pito pèdi renmen Kris la gen pou mwen an si sa te ka sèvi pou byen frè m' yo, moun menm ras avè mwen yo. 4Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo. 5Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lè l' te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn. 6Lè m' di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomès li ankò. Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a. 7Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la: Se Izarak ki va fè pitit pitit mwen te pwomèt ou yo. 8Sa vle di: tout pitit ki fèt dapre egzijans natirèl kò a pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li. 9Men ki jan Bondye te fè pwomès la: Lè konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lè sa a Sara va gen tan gen yon pitit gason. 10Gen lòt pawòl toujou pou di sou pwen sa a: Rebeka te fè de pitit gason pou yon sèl papa, Izarak granpapa nou. 11-(we vèsè pwochen) 12Men, Bondye gen jan pa l' pou l' chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l' konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a. 13Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou. 14Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lè ap fè lenjistis? Men non. 15Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m' pou moun mwen vle. 16Se sak fè, bagay konsa pa gade lèzòm, ou mèt tande yo vle, ou mèt tande yo fè. Se bagay ki gade Bondye sèlman, li menm ki gen kè sansib. 17Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè. 18Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li. 19Koulye a, n'a mande m': Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye? 20Monchè, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: èske krich la ka pale ak moun ki fè l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fè m'? 21Moun k'ap bat tè pou fè krich la gen dwa fè sa l' vle ak tè a. Avèk menm pa t' labou a, li ka fè de kalite krich: yon bèl krich byen chè ak yon krich bon mache. 22Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, an menm tan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri. 23Li te vle fè nou wè tou kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bèl bagay li yo. 24Lè m' di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou. 25Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pa t' pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen. Nasyon mwen pa t' renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen. 26Tout kote yo t'ap di se pa pèp mwen yo ye. se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an. 27Kanta pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l' menm, di konsa: Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen sèlman nan yo k'ap sove. 28Paske, Mèt la gen pou l' fè tou sa l' te di a nèt, epi byen vit ankò, sou tout latè. 29Tankou menm pwofèt Ezayi sa a te di anvan: Si Mèt ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk pitit pitit pou nou, nou ta pase tankou Sodòm, nou ta menm jan ak Gomò. 30Kisa n'a di nan tou sa? Men sa n'a di: Moun ki pa t' jwif yo, ki pa t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras la, se yo menm Bondye fè gras paske yo mete konfyans yo nan li. 31Men, moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a. 32Poukisa? Paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye; yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y' al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a, 33jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.

Did you know?
Israel and the Children of the Promise
- These verses argue that God's word has not failed: not all who are descended from Israel are Israel, and not all of Abraham's descendants are his children. Isaac was Abraham's only son by Sarah, and the promise quoted here follows that line: offspring would be reckoned through Isaac, and at the appointed time Sarah would have a son. The name Sarah, meaning princess, was given when it was announced that she would be the mother of the promised child.Sources: the Bible text itself · Isaac · Sarah
- The argument then turns to Rebecca's twins, conceived by one man, Isaac. Esau, the first-born, was also called Edom, "red," from the red lentil pottage for which he sold his birthright; Jacob, the younger, bears a name meaning one who follows on another's heels, or supplanter. Before the twins were born or had done anything good or bad, Rebecca was told that the older would serve the younger, and it is written, "Jacob I loved, but Esau I hated."Sources: the Bible text itself · Esau (Edom) · Jacob (Israel)
- Isaiah, the son of Amoz, is quoted about a remnant: though the Israelites were like the sand of the sea, only the remnant would be saved, and without descendants left by the Lord of Hosts they would have become like Sodom and resembled Gomorrah. Sodom, a city in the vale of Siddim, was destroyed by fire from heaven, a destruction this chapter recalls, and no trace of it or of the other cities of the plain has been found. The chapter ends with a stumbling stone laid in Zion, the south-eastern hill of Jerusalem, which David took from the Jebusites, where he built a citadel and a palace, and which became the city of David.Sources: the Bible text itself · Isaiah · Sodom · Zion
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 33
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org