Nations Bible

Romans 4

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l' te jwenn? 2Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l' gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye. 3Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l' gras. 4Moun ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l' fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li. 5Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l' yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li. 6Se sa David te vle di, lè l' deklare: yon moun Bondye fè gras san Bondye pa gade sou sa l' fè, se moun konsa ki beni: 7Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè! 8Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l' kont pou sa li fè ki mal! 9Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fèk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l' gras. 10Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pa t' nan apre. Se te anvan li te sikonsi. 11Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras. 12Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi. 13Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l' te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pa t' fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sak fè Bondye te fè l' gras. 14Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò; pwomès li a pèdi tout valè li. 15Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa. 16Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout, 17jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la. 18Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankò. Se sak fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil. 19Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò. 20Non, li pa t' pèdi konfyans nan Bondye, li pa t' janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou; epi li t'ap chante lwanj Bondye. 21Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l' te fè sa l' te pwomèt la. 22Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l' gras. 23Men, se pa pou Abraram sèlman yo te ekri pawòl sa yo: Li fè li gras. 24Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè soti vivan pami mò yo, Jezikri, Seyè nou an. 25Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras.

Did you know?

Abraham's faith credited as righteousness

  • Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Abraham as "father of a multitude." This chapter quotes the promise, "I have made you a father of many nations," and calls him the father of all who believe, whether circumcised or not.Sources: Abraham · the Bible text itself
  • This chapter stresses that Abraham's faith was credited to him as righteousness before he was circumcised, not afterward. Circumcision is described as a sign and seal of that righteousness, so he is the father both of uncircumcised believers and of circumcised people who follow the same faith.Sources: the Bible text itself
  • Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Sarah as "princess" and says it was given when it was announced that she would be the mother of the promised child. This chapter recalls Abraham, about a hundred years old, believing God's promise even though Sarah's womb was lifeless.Sources: Sarah · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.