Nations Bible

Romans 13

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. 2Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y'ap rale yon jijman sou tèt pa yo. 3Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen; se lwanj ase wa resevwa nan men yo. 4Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal. 5Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen. 6Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen. 7Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte. 8Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande. 9Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. 10Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sak fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè. 11Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan. 12Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun. 13Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi. 14Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.

Did you know?

Authority, Taxes, and the Debt of Love

  • This chapter states that there is no authority except that which is from God, and that the authorities which exist have been appointed by God. Whoever resists authority is described as opposing what God has set in place and as bringing judgment on themselves. Rulers, it says, are not a terror to good conduct, but to bad.Sources: the Bible text itself
  • The ruler is called God’s servant for the good of those addressed, and an agent of retribution to the wrongdoer who does not carry the sword in vain. Submission is presented as necessary not only to avoid punishment but also as a matter of conscience, which is also why taxes are paid to authorities who devote themselves to their work. Each person is to give taxes, revenue, respect, and honor to those to whom they are due.Sources: the Bible text itself
  • The only debt that is to remain is love for one another, for whoever loves his neighbor has fulfilled the law. The commandments against adultery, murder, theft, and coveting, and any other commandments, are summed up in the decree to love one’s neighbor as oneself, because love does no wrong to its neighbor. Readers are told to live this way awake to the hour, laying aside deeds of darkness and clothing themselves with the Lord Jesus Christ, since the night is nearly over and the day has drawn near.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.