Revelation 8
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi (1/2) lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la. 2Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon. 3Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la. 4Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a. 5Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè. 6Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen. 7Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo. 8Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san. 9Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri. 10Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo. 11Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè. 12Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa. 13Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.
Did you know?
Silence, Incense, and Trumpets
- When the Lamb opens the seventh seal, there is silence in heaven for about half an hour. The vision then shows the seven angels who stand before God, and they are given seven trumpets.Sources: the Bible text itself
- Another angel, who has a golden censer, comes and stands at the altar. He is given much incense to offer with the prayers of all the saints on the golden altar before the throne; the smoke rises before God from his hand, and he then fills the censer with fire from the altar and hurls it to the earth, followed by peals of thunder, rumblings, flashes of lightning, and an earthquake.Sources: the Bible text itself
- In turn, the first four trumpets bring hail and fire mixed with blood upon the earth, something like a great mountain, burning with fire, thrown into the sea, a star named Wormwood upon the rivers and springs, and a darkening of part of the sun, moon, and stars. Again and again the vision speaks of a third—of the earth and the trees, of the sea, its living creatures and the ships, of the waters, and of the sun, moon, stars, day, and night—while all the green grass is burned up; an eagle flying overhead then cries woe three times, because three angels have yet to sound their trumpets.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org