Nations Bible

Revelation 5

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre sa, mwen wè yon liv nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Liv la te gen fòm yon woulo papie, li te ekri sou anndan ak sou deyò. Li te sele sèt kote. 2Mwen wè yon zanj ki gen anpil fòs ki t'ap pale byen fò. Li t'ap di: Ki moun ki ka kase sele yo pou louvri liv la? 3Men, pa t' gen pesonn ni nan sièl la, ni sou tè a, ni anba tè a ki te kapab louvri liv la pou wè sa ki te ladan li. 4Mwen t'ap kriye anpil, paske pa t' gen pesonn ki te kapab louvri liv la pou gade sa ki te ladan li. 5Lè sa a, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit pitit David la, ki te genyen batay la. Li ka kase sèt sele yo pou louvri liv la. 6Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè. 7Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. 8Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo. 9Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon. 10Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a. 11Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. 12Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. 13Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. 14Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.

Did you know?

The Lamb Worthy to Open the Scroll

  • One of the elders tells the weeping narrator not to weep, because the Lion of the tribe of Judah, the Root of David, has triumphed to open the scroll and its seven seals. The entry on David calls him Beloved and identifies him as the eighth and youngest son of Jesse, a citizen of Bethlehem, who tended his father's sheep on the uplands of Judah.Sources: the Bible text itself · David
  • What is seen next is not a lion but a Lamb that appeared to have been slain, standing in the center of the throne, with seven horns and seven eyes. The vision itself says that those horns and eyes represent the seven Spirits of God sent out into all the earth.Sources: the Bible text itself
  • When the Lamb takes the scroll, the four living creatures and the twenty-four elders fall down before him; each has a harp, and they hold golden bowls full of incense, which the passage identifies as the prayers of the saints. The new song says that he was slain and that by his blood he purchased for God those from every tribe, tongue, people, and nation.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.