Nations Bible

Revelation 16

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè. 2Premie zanj lan pati, li vide gode pa l' la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l' la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t'ap fè yo soufri anpil. 3Dezyèm zanj lan vide gode pa l' la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri. 4Twazièm zanj lan vide gode pa l' la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san. 5Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. 6Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a. 7Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan lotèl la ki t'ap di: Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri. 8Katriyèm zanj lan vide gode pa l' la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l' te boule moun ak dife l' la. 9Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye. 10Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. 11Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a. 12Sizièm zanj lan vide gode pa l' la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l' te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase. 13Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. 14Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. 15Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa! 16Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon. 17Setièm zanj lan vide gode pa l' la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di: Bon! Tout bagay fini koulye a! 18Lè sa a zèklè pran fè yan, loraj t'ap gwonde nan sièl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pa t' yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pa t' janm wè tè a tranble konsa. 19Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l' bwè diven ki nan gode l' la, diven gwo kòlè l' la. 20Tout zile yo disparèt, pa t' gen mòn sou latè ankò. 21De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa soti nan sièl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Seven Bowls of Wrath

  • Armageddon is named only in Revelation 16:16, where the kings assemble for battle; the Revised Version reads Har-Magedon. Easton's Bible Dictionary (1897) says the word properly means mount of Megiddo and treats it as a symbolic name for that battlefield, an image suggested by the Old Testament battlefield of the plain of Esdraelon.Sources: Armageddon · the Bible text itself
  • The sixth bowl is poured on the great river Euphrates, and its water is dried up to prepare the way for the kings of the East. Easton's Bible Dictionary derives the Greek name Euphrates from Persian Ufratush, meaning sweet water, and notes that the Assyrian name means the stream or the great stream. In the Bible the river is often called simply the river (Exodus 23:31) or the great river (Deuteronomy 1:7).Sources: Euphrates · the Bible text itself
  • When the seventh bowl is poured out, the text says that God remembered Babylon the great. Easton's Bible Dictionary identifies Babylon as the Greek form of Babel, from the Semitic name Babilu, the Gate of God, a city that stood on the Euphrates about two hundred miles above the point where the river meets the Tigris.Sources: Babylon · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • East · Today: region around Amman · 31.955, 35.934 · verse 12
  • Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 12
  • Babylon · Today: Rome · 41.892, 12.485 · verse 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.