Nations Bible

Psalms 99

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble! 2Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo. 3Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye! 4Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt. 5Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye! 6Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo. 7Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo. 8Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal. 9Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Holy King and His Intercessors

  • Psalm 99 is structured around a recurring threefold declaration of God's holiness (verses 3, 5, and 9). It depicts the Lord as a sovereign king enthroned above the cherubim, reigning with justice and equity from Mount Zion.Sources: the Bible text itself · Zion
  • The psalm highlights Moses, Aaron, and Samuel as exemplary intercessors who called upon God and kept His statutes. It recalls how God answered their cries and communicated from the pillar of cloud, offering forgiveness while maintaining divine justice.Sources: the Bible text itself · Moses · Aaron · Samuel

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 9

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.