Nations Bible

Psalms 97

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt! 2Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri. 3Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase. 4Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble. 5Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a. 6Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li. 7Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li. 8Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè! 9Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo. 10Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo. 11Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan. 12Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Lord's Universal Reign

  • Psalm 97 portrays God's supreme rule using dramatic theophany imagery, describing dense clouds, darkness, consuming fire, and lightning flashes that cause the earth to tremble and mountains to melt like wax.Sources: the Bible text itself
  • The psalm mentions Zion rejoicing alongside the surrounding towns of Judah; historically, Zion was the elevated southeastern hill of Jerusalem where King David established his citadel and palace.Sources: the Bible text itself · Zion
  • The text directly confronts idolatry by declaring shame upon those who boast in carved images, contrasting their futile worship with the deliverance and joy bestowed upon the upright in heart.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 8

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.