Nations Bible

Psalms 75

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(075:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (075:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo! 2(075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt. 3(075:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm. 4(075:5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans! 5(075:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la! 6(075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid. 7(075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt. 8(075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak. 9(075:10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li. 10(075:11) L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!

Did you know?

God the Righteous Judge

  • Psalm 75 belongs to a collection of psalms (Psalms 50 and 73–83) attributed to Asaph, a Levite and master musician who served as one of King David's choir leaders and was also described as a seer.Sources: Asaph (Levite) · the Bible text itself
  • The psalm employs vivid imagery to depict divine sovereignty and justice: raising a horn represents arrogant power, while a cup filled with foaming, spiced wine drained to the dregs symbolizes full judgment poured out upon the wicked.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.