Nations Bible

Psalms 73

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo. 2Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, 3paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. 4Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra. 5Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen. 6Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun. 7Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo. 8Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun. 9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans. 10Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo. 11Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen? 12Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches. 13Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè? 14Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen. 15Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo. 16Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen, 17jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini. 18Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini. 19Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè. 20Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa. 21Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil. 22Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou. 23Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe. 24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. 25Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. 26Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen. 27Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou. 28Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Prosperity of the Wicked and the Sanctuary

  • Psalm 73 begins Book III of the Psalter and is attributed to Asaph, a Levite musician and seer who served as one of King David's choir leaders. A group of twelve psalms (Psalm 50 and 73–83) is associated with him and his guild of singers.Sources: Asaph (Levite) · the Bible text itself
  • The psalmist struggles with a deep crisis of faith, questioning the value of personal purity when seeing the carefree wealth and apparent lack of suffering among the wicked. This internal struggle only resolves when he enters the sanctuary of God, where he gains perspective on their eventual ruin.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.