Psalms 70
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(070:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (070:2) Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè! 2(070:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. 3(070:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont. 4(070:5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa! 5(070:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!

Did you know?
An Urgent Cry for Deliverance
- The superscription identifies this short prayer as a psalm of David intended for the choirmaster, with the specific note that it was composed to bring remembrance.Sources: the Bible text itself
- The entire psalm is framed as an urgent appeal for immediate divine rescue, opening and closing with repeated pleas for God to make haste, hurry, and not delay in the face of mocking adversaries.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org