Nations Bible

Psalms 63

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(063:1) Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. (063:2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli. 2(063:3) Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou. 3(063:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou. 4(063:5) Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè. 5(063:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou. 6(063:7) Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile. 7(063:8) Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan. 8(063:9) Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen. 9(063:10) Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a. 10(063:11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo. 11(063:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.

Did you know?

Thirsting for God in the Wilderness

  • The superscription places this prayer during David's time in the Wilderness of Judah. This harsh desert landscape supplies the psalm's opening imagery of yearning for God like a thirsty traveler in a dry and weary land.Sources: the Bible text itself
  • The phrase 'watches of the night' refers to the ancient division of nighttime hours for guards and sentries, periods during which the author meditated and prayed while resting on his bed.Sources: the Bible text itself
  • The warning that enemies would become a 'portion for foxes' reflects the fate of fallen combatants left unburied in the wilderness, where scavengers would feed on the remains.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.