Nations Bible

Psalms 45

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(045:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. (045:2) Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante. 2(045:3) Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou. 3(045:4) Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou. 4(045:5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la. 5(045:6) Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo. 6(045:7) Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la. 7(045:8) Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo. 8(045:9) Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan. 9(045:10) Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi. 10(045:11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo. 11(045:12) Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'. 12(045:13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou. 13(045:14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò. 14(045:15) Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou. 15(045:16) Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a. 16(045:17) Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè. 17(045:18) Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Royal Wedding Song

  • Psalm 45 is introduced as a love song and a Maskil of the sons of Korah, depicting a royal wedding accompanied by harps, ivory palaces, and garments perfumed with myrrh, aloes, and cassia.Sources: the Bible text itself
  • The queen is described wearing gold from Ophir, a region famous in antiquity for its fine gold, though ancient translators and scholars have placed its location variously in Arabia, India, or the Malay Peninsula.Sources: the Bible text itself · Ophir
  • The psalm notes that the Daughter of Tyre brings gifts to the king, reflecting Tyre's role as a powerful Phoenician maritime center whose merchants carried commerce across the Mediterranean.Sources: the Bible text itself · Tyre

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Tyre · 33.271, 35.196 · verse 12

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.