Psalms 38
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè! 2(038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale. 3(038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal. 4(038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen. 5(038:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou. 6(038:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je. 7(038:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m' 8(038:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri. 9(038:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri. 10(038:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo! 11(038:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an. 12(038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen. 13(038:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale. 14(038:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a. 15(038:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen. 16(038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape. 17(038:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen. 18(038:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè. 19(038:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'. 20(038:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen. 21(038:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè! 22(038:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.

Did you know?
A Lament of Affliction and Confession
- The superscription designates this chapter as a psalm of David for remembrance. In it, the psalmist vividly describes deep bodily suffering, including festering wounds, burning pain, and failing vitality, which he connects directly to his own sin and divine discipline.Sources: the Bible text itself
- The psalm highlights the social isolation that often accompanied illness in the ancient world. Close companions and relatives keep their distance from his affliction, while adversaries take advantage of his vulnerability to plot against his life.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org