Psalms 36
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye. 2(036:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo. 3(036:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko. 4(036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal. 5(036:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou. 6(036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo. 7(036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon. 8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo. 9(036:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè! 10(036:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou! 11(036:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri. 12(036:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!

Did you know?
Human Malice and Divine Abundance
- The psalm is structured around a sharp contrast between the scheming nature of the wicked and the boundless character of God. While the transgressor plots deceit even on his bed without fear of God, God's loving devotion and righteousness are described using vast cosmic imagery, reaching to the heavens, the clouds, the highest mountains, and the deep sea.Sources: the Bible text itself
- The poem employs rich sanctuary and hospitality metaphors to describe divine care. The faithful are portrayed as taking refuge beneath the shadow of God's wings, feasting on the abundance of his house, and drinking from the fountain of life and a river of delights.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org