Nations Bible

Psalms 32

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo! 2Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye! 3Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn. 4Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè. 5Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo. 6Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo. 7Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'. 8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou. 9Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo. 10Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo. 11Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Joy of Forgiveness and Guidance

  • The psalm opens with the title designating it as a Maskil of David, a term traditionally associated with an instructional or contemplative song, reflecting on the contrast between the distress of hidden sin and the blessing of forgiveness.Sources: the Bible text itself
  • The Hebrew term Selah appears three times in this psalm (verses 4, 5, and 7), commonly interpreted as a musical pause or a moment for reflection during the recitation of the text.Sources: the Bible text itself
  • The psalm uses the imagery of working animals, contrasting the willing follower of divine counsel with stubborn horses and mules that require a bit and bridle to be guided.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.