Nations Bible

Psalms 30

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(030:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (030:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib. 2(030:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen. 3(030:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri. 4(030:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi. 5(030:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan. 6(030:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'. 7(030:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase. 8(030:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou. 9(030:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou? 10(030:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou! 11(030:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt. 12(030:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Song of Healing and Thanksgiving

  • The superscription of Psalm 30 designates it as a song for the dedication of the temple (or house) attributed to David, intertwining personal thanksgiving for deliverance from death with communal worship.Sources: the Bible text itself
  • In ancient Hebrew culture, wearing coarse sackcloth was an outward sign of deep grief, peril, or mourning. The psalmist uses the image of shedding sackcloth and being clothed in joy to express a profound transformation from sorrow to celebration.Sources: the Bible text itself
  • The psalmist appeals to God by asking whether the dust of the Pit or Sheol can praise Him, reflecting the poetic perspective that the living are called to declare God's faithfulness and worship Him in the community.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.