Psalms 26
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou. 2Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m', 3Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la. 4Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit. 5Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo. 6Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a, 7pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo. 8Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a. 9Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo, 10ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun. 11Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen. 12M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini.

Did you know?
Integrity and Worship in God's Dwelling
- The psalm connects personal integrity with public worship. The speaker speaks of washing hands in innocence before approaching the altar, proclaiming love for the house of the LORD and the dwelling place of divine glory.Sources: the Bible text itself
- The psalmist invites God to examine his heart and mind, explicitly setting his own path apart from deceitful individuals, hypocrites, and violent people whose hands hold bribes and wicked plots.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org