Nations Bible

Psalms 24

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'. 2Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo. 3Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? 4Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun. 5Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras. 6Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la. 7Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! 8Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay. 9Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! 10Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The King of Glory and the Holy Hill

  • Psalm 24 reflects an entrance liturgy formatted as a dialogue, where heralds call upon ancient gates to open and gatekeepers ask who the King of Glory is before welcoming the Lord of Hosts.Sources: the Bible text itself
  • The psalm outlines moral prerequisites for ascending the hill of the Lord and seeking the God of Jacob, emphasizing clean hands, an uncorrupted heart, and freedom from deceit and idolatry.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.