Nations Bible

Psalms 19

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(019:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (019:2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'. 2(019:3) Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a. 3(019:4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. 4(019:5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la. 5(019:6) Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la. 6(019:7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay. 7(019:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. 8(019:9) Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun. 9(019:10) Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri. 10(019:11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl. 11(019:12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo. 12(019:13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen! 13(019:14) Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a. 14(019:15) Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

God in Creation and the Law

  • The psalm contrasts two ways God makes Himself known: through the silent, universal testimony of creation in the heavens and through the direct instruction of His law, precepts, and commandments.Sources: the Bible text itself
  • The passage uses vivid poetic imagery to describe the sun, portraying it as resting in a heavenly tent and traversing the sky like an eager bridegroom leaving his chamber or a champion running a race.Sources: the Bible text itself
  • After praising creation and the divine law, the psalm turns into a personal prayer, asking for cleansing from unintentional faults and protection from willful transgressions.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.